You are viewing a single comment's thread from:

RE: Konekte, Kouran, lajan -- Pati #2

in #steeemhaiti7 years ago

Ki pi gwo difikilte nou jwenn ak rezoud pwoblèm Entènèt, Electrisite ak lajan jèn nou yo an ayiti ap fè fas sèke lè nap apròch pwoblèm nan nou fè sa ap move mobil tankou nou refere ak konesans nou genyen, ap bagay nou ap eksperimante kounye a, bagay nou wè devan nou, epi nou kwè ke pou bagay yo chanje se e pou li bon se pou tout moun. Depi plis ke 200 ane nou malad nou pa pwodui ase jèn ka itilize imajinasyon li lib. mwen kwè nan kapasite imajinasyon. Albert Einstein yon fwa di lojik ap men w de pwen A a pwen B men imajinasyon ap mennen tout kote e dèfwa kote ki pa ko menm ekziste. e vrèman li chanje monn nan ak tout bagay li rive reyalize gras ak imajinasyon li

Sort:  

Jèn nou yo bòne, yo jis ale lekol, epi al aprann yon bagay, epi mache depoze CV pasipala san yo pa janm jwenn okenn travay. Si w ta ankouraje yo chache envesti nan yon bagay, oswa kreye yon ti aktivite kap pèmèt yo antre kòb, y ap kouri dèyè w, y ap di si yo fè sa, moun nan zòn nan ki wè y ap avanse ap touye yo oswa kraze biznis yo a, poutèt sa yo prefere ak chili ak brezil. Depi jodi a si nou pa mete ide antreprenè nan tet jèn yo depi yo lekòl peyi a ap fè anpil tan toujou nan eta li ye la.